Fanm led pa supliye gason _ La Derniere Tentative 14

  • há 6 anos
Yon lòt fwa ankò map prezante eskiz mwen bay tout moun ki tap swiv feyton depi nan kòmansman. Nou kapab remake ke istwa a bel. Men tout sa wap fè nan vi a gen difikilte sitou nan peyi nap viv la. Si nou remake feyton an manke, se pat nan volonte staff la pou sa te fèt. Men se yon pakèt paramèt ki vin antre an liy de kont ki fè bagay yo chavire konsa.
Wi anpil aktris chanje e sa vin fè feyton an parèt difisil nan mitan tout chanjman sa yo. Responsabilitem antan ke aktè se te bay meyè pèfòmans ke mwen kapab nan mitan pil chanjman sa yo. Paske sa mande pou readatem rapid pou jwe ak nouvo moun ke yo banmwen yo. Si nou li detay kap swiv yo nan konpran plis.
Feyton sa komanse nan ane 2015. Nou pase 3 ane ap fè tournaj. Pa gen yon sponsor ki te vle investi ladanl. A part Kelke moun ki ofri nou espas yo. Mwen vle di kay, restoran, plaj, ak kek lot kote. Men pat gen lajan. Sa vi pote anpil aktè ak aktris dekouraje. Se yonn nan rezon tou ki fè nou pèdi premye Gaëlle. Konsa pandan nap avanse ak feyton anpil lòt moun vin dekouraje. Gen anpil aktè nan feyton an la ki Brezil, gen sa ki Chili, genyen ki SenDomeng.
Lè map di nou sa se pa blag. Si mwen pat fou pou sinema mwen te ka bay vag tou. Bon mwen konnen anpil moun ka pa vle swiv feyton an. Men Mwen panse yon ti kras moun ap rive konpran e apresye rès travay la.

Mèsi anpil pou sa ki konprann e kap toujou like, kòmante, pataje video a epi suscribe sou channel la


Men map toujou di nou gran mèsi paske nou te renmen projè a. Paske nou tap supòte feyton an. Map toujou kontinye travay poum pote sa mwen konnen nap renmen. menm ke mwen konnen mwen ka toujou pa satisfè nou a 100 pou 100.Mwen renmen nou anpil!! Strong!



Production: AJAPDECH/ Wilmix Prod
Ecrit et Realise par : Johny Theolus et David Wilgaud
Diffusion: Tous les vendredi 8 hrs sur la Chaine 64

Recomendado